Teknoloji ak inovasyon se de (2) pami zouti ki kapab ede konstui ak ranfòse Naratif Ayisyen an
« Dekouvri, Konnen, Vann Ayiti », se yon emisyon odyovizyèl Le Paradis Haitien vini ak li nan sousi pou ede konstui pi byen ak ranfòse Naratif Ayisyen an ; ki se yon konsèp kominote sila a ki charye valè ayisyèn yo, yon tandans ki vini pou pote sipò nan konstui idantite nou kòm pèp. Asavwa yon peyi ki ekziste pou kapab defann, fè pwomosyon egalite ras moun ak ekite jan. Nan sans sa, emisyon sila a, se yon emisyon mansyèl ki vize chita pale avèk chak grenn aktè, pwofesyonèl an Ayiti ki ap evolye nan domèn (sektè) pa yo ; pou vin pale, diskite de li, epi wè kòman domèn (sektè) sa kapab ede pi byen konstui ak ranfòse Naratif Ayisyen an. Alòs premye nimewo emisyon sila a te fèt avèk Marc Alain Bourcicault ki se Fondatè ak PDG Banj ; ki t ap pale ak diskite de teknoloji ak inovasyon epi gade kijan de (2) zouti sa yo kapab patisipe nan konstui yon pi bon naratif sou Ayiti. « Anpil fwa lè moun ap defini Ayiti, yo defini l avèk yon pèsepsyon negatif : se yon peyi enstabilite, se koripsyon, se vyolans, se povrete. Men gen kèk moun tou lè y ap defini Ayiti yo fè referans avèk bèl montay, bèl peyizaj, bèl lanmè, bèl plaj men nou rete kwè Ayiti vo plis ke sa. » Se deklarasyon Gladimy JEAN, Fondatè / PDG Le Paradis Haitien ak prezantatè emisyon « Dekouvri, Konnen, Vann Ayiti » a. Selon li, emisyon sila a, se yon emisyon ki vini nan lide pou ede pi byen konstui ak ranfòse Naratif Ayisyen an. Pou PDG Le Paradis Haitien an, se parapò avèk istwa Ayiti ki gen anpil valè a ; mete sou kilti li ki chaje koulè, gastwonomi li, patrimàn li yo epi eritaj li ki te fè l sa l ye a. Men jounen jodi a, move naratif ki gen sou peyi a afekte vokasyon sa yo. Li souliye pi lwen se pou ansanm rezon sa yo, ki fè kominote sila a kwè se yon ijans pou patisipe nan ede chanje move naratif sa. Daprè li, se yon travay ki ap rive posib nan ede youn ak lòt konprann pi byen kiyès nou ye antanke pèp ki fyè, nan redefini tèt nou, ak redekouvri tèt nou. Gladimy JEAN, yon lòt kote souliye lè y ap pale de konstui yon pi bon Naratif sou Ayiti a, anpil fwa gen moun ki gen tandans lese responsabilite a sou do yon moun, yon ti gwoup moun oswa yon enstitisyon. Men selon li, ekip Le Paradis Haitien an rete kwè responsabilite sila a, se responsabilite tout moun, tout enstitisyon, tout gwoupman, nan patisipe nan konstui yon pi bon naratif sou Ayiti. Sou bò pa li Fondatè/PDG Banj la, Marc Alain BOURCICAULT, naratif la se yon eleman ki enpòtan pou li, ak pou tout istwa lavi li epi li te travay pou l te kreye moun li ye jounen jodi a. Li ale pi lwen pou l di « youn nan eleman ki te enpòtan pou mwen, se kijan mwen te kapab itilize rezo sosyo yo, kijan m te kapab konstui yon naratif . »






