November 18, 2024
Accueil > Blog
« Dekouvri, Konnen, Vann Ayiti », se yon emisyon odyovizyèl Le Paradis Haitien vini ak li nan sousi pou ede konstui pi byen ak ranfòse Naratif Ayisyen an ; ki se yon konsèp kominote sila a ki charye valè ayisyèn yo, yon tandans ki vini pou pote sipò nan konstui idantite nou kòm pèp. Asavwa yon peyi ki ekziste pou kapab defann, fè pwomosyon egalite ras moun ak ekite jan. Nan sans sa, emisyon sila a, se yon emisyon mansyèl ki vize chita pale avèk chak grenn aktè, pwofesyonèl an Ayiti ki ap evolye nan domèn (sektè) pa yo ; pou vin pale, diskite de li, epi wè kòman domèn (sektè) sa kapab ede pi byen konstui ak ranfòse Naratif Ayisyen an. Alòs premye nimewo emisyon sila a te fèt avèk Marc Alain Bourcicault ki se Fondatè ak PDG Banj ; ki t ap pale ak diskite de teknoloji ak inovasyon epi gade kijan de (2) zouti sa yo kapab patisipe nan konstui yon pi bon naratif sou Ayiti.
« Anpil fwa lè moun ap defini Ayiti, yo defini l avèk yon pèsepsyon negatif : se yon peyi enstabilite, se koripsyon, se vyolans, se povrete. Men gen kèk moun tou lè y ap defini Ayiti yo fè referans avèk bèl montay, bèl peyizaj, bèl lanmè, bèl plaj men nou rete kwè Ayiti vo plis ke sa. » Se deklarasyon Gladimy JEAN, Fondatè / PDG Le Paradis Haitien ak prezantatè emisyon « Dekouvri, Konnen, Vann Ayiti » a. Selon li, emisyon sila a, se yon emisyon ki vini nan lide pou ede pi byen konstui ak ranfòse Naratif Ayisyen an.
Pou PDG Le Paradis Haitien an, se parapò avèk istwa Ayiti ki gen anpil valè a ; mete sou kilti li ki chaje koulè, gastwonomi li, patrimà n li yo epi eritaj li ki te fè l sa l ye a. Men jounen jodi a, move naratif ki gen sou peyi a afekte vokasyon sa yo. Li souliye pi lwen se pou ansanm rezon sa yo, ki fè kominote sila a kwè se yon ijans pou patisipe nan ede chanje move naratif sa. Daprè li, se yon travay ki ap rive posib nan ede youn ak lòt konprann pi byen kiyès nou ye antanke pèp ki fyè, nan redefini tèt nou, ak redekouvri tèt nou.
Gladimy JEAN, yon lòt kote souliye lè y ap pale de konstui yon pi bon Naratif sou Ayiti a, anpil fwa gen moun ki gen tandans lese responsabilite a sou do yon moun, yon ti gwoup moun oswa yon enstitisyon. Men selon li, ekip Le Paradis Haitien an rete kwè responsabilite sila a, se responsabilite tout moun, tout enstitisyon, tout gwoupman, nan patisipe nan konstui yon pi bon naratif sou Ayiti.
Sou bò pa li Fondatè/PDG Banj la, Marc Alain BOURCICAULT, naratif la se yon eleman ki enpòtan pou li, ak pou tout istwa lavi li epi li te travay pou l te kreye moun li ye jounen jodi a. Li ale pi lwen pou l di « youn nan eleman ki te enpòtan pou mwen, se kijan mwen te kapab itilize rezo sosyo yo, kijan m te kapab konstui yon naratif . »
Naratif aktyèl ki gen sou Ayiti a, afekte antreprenè k ap sèvi kominote Ayisyèn nan
Move naratif ki gen sou peyi a, pa san konsekans sou antreprenè yo an Ayiti. Se sitiyasyon Fondatè/PDG Banj la. « Premye kote sa afekte m pèsonèlman, sèke ou gen yon naratif sou Ayiti kòmkwa antreprenarya pa mache. Sa vle di gen moun k ap fè antreprenarya pou siviv (pa sibzistans). Men an jeneral, moun w ap entèraji yo k ap viv aletranje yo, ki ap viv naratif Ayiti a, ki ap gade sa y ap di de Ayiti yo ; nan tèt yo menm lè yo pa di l ak bouch yo, pèsepsyon yo sèke Ayiti pa yon kote pou yo envesti. Ayiti se yon peyi yo kapab ede ak fè charite. Aktyèlman la, Naratif sa pa bon pou mwen menm nan biznis ke mwen ye a. Paske mwen nan biznis antreprenarya ak inovasyon.
Malgre sitiyasyon difisil Ayiti ap viv yo, Marc Alain BOURCICAULT kòm antreprenè rive adapte l kanmenm. « Lè w ap viv nan yon reyalite difisil, konplike, pèsepsyon moun ki anfas ou a pa ekzateman sa w ta renmen l ye a. Sa vle di èske l vle kwè, èske l vle envesti. Kounya ou menm ou gen kòm devwa pou ou konn kisa w ap konstui e pou w kreye pwòp naratif pa w. »
Sitwayen ayisyen yo k ap pwodui, ak kreye nan teknoloji epi inovasyon kapab patisipe nan konstui yon pi bon naratif sou Ayiti
Selon envite a, moun k ap pwodui nan teknoloji : se moun k ap pwodui kontni, fè fim, fè jwèt, moun k ap itilize aplikasyon rezo sosyo yo. Pou Marc Alain, moun sa yo gen yon wòl enpòtan pou yo jwe nan kominike naratif sa sou Ayiti. Li ale pi lwen pou l di chwa sa yo pra l depann de sa y ap kreye yo ak pataje yo ki ap gen yon wòl pou yo jwe nan konstui yon pi bon Naratif sou Ayiti.
Daprè Marc Alain BOURCICAULT, konstui yon naratif sou Ayiti pa egal bay manti oubyen tout bagay bon. Li presize yon lòt bò sa mache men nan men avèk politik piblik oubyen sitiyasyon ak reyalite peyi a. « Pou konstui yon naratif nou gen yon responsabilite pou nou genyen ki swa pèsonèl, politik oubyen jesyon afè piblik kote reyèlman nou vle Ayiti pwòp ; ki aksyon lameri ap poze pou fè Ayiti pwòp. Nou vle vann yon naratif kote nou ka fè biznis an Ayiti ; eske reyèlman nou ka fè biznis an Ayiti. » Presizyon Fondatè ak PDG Banj la.
Banj atravè sèvis l ap ofri yo ede konstui yon pi bon Naratif sou Ayiti
Atravè sèvis Banj ap ofri yo, li patisipe nan konstui yon pi bon Naratif sou Ayiti. Selon Marc Alain BOURCICAULT, tout travay enstitisyon l lan ap fè avèk òganizasyon entènasyonal l ap kolabore yo, se déjà yon premye eleman ki montre Ayiti se pa sèlman negatif ; men li gen moun k ap pran inisyativ ki gen enpak pozitif ladan l.
« Dezyèm fason an, nou kontribiye de manyè bazik e ki trè pètinan ; sèke espas nou an, se yon koneksyon dirèk avèk entènèt. Si w ap fè yon chema nan tèt ou pou kantite cho k ap anrejistre sou youtube la, tout se kontni k ap alimante sou entènèt la, e tout kontni sa yo ap kontribiye nan chanje yon naratif sou Ayiti. » Se Presizyon Marc Alain BOURCICAULT.
Yon lòt kote responsab Banj la souliye lòt fason enstitisyon l lan kontribiye nan chanje naratif sa a, se atravè enkibatè l yo. Li presize pi lwen enkibatè sa yo, se yon ansanm enkibatè k ap eseye pwodui antrepriz ki gen pou patisipe nan kreyasyon kontni ki pou chanje naratif la. Selon li, sa yo kontribiye nan chanje fason enfòmasyon pataje anndan peyi a.
Otorite yo ak sitwayen yo an Ayiti gen responsabilite pa yo tou nan konstui yon pi bon naratif sou peyi a
Envite a, yon lòt kote pwofite atire atansyon otorite ayisyèn yo. Daprè li, se enpòtan pou gen yon faktè global ki ranmase kesyon naratif sa. Pou Marc Alain BOURCICAULT, menmsi chak grenn Ayisyen kapab kontribiye nan chanje naratif sa nan alantou li ; men li vrèman enpòtan pou gen yon leta nan peyi a ki konprann kòman ak kapab federe tout enèji sa yo epi yon leta k ap kapab kreye kondisyon pou plis bagay ka sòti nan naratif sila a. « Si n ap di Ayiti merite yon lòt naratif, men li enpòtan pou nou konstui baz yo ki pou pèmèt naratif sa chita sou yon baz ki solid.»
Pi lwen, Marc Alain BOURCICAULT te profite atire atansyon sitwayen Ayisyen yo tou. Selon li, kèlkeswa sa y ap fè yo, naratif Ayiti a se yo. « Depi w se yon Ayisyen w ap evolye an Ayiti, naratif n ap pale de Ayiti a li nan ou. Ou gen yon sèl devwa ; se mete l deyò. Mete l deyò paske w ap bay le meyè de ou menm pou w yon meyè antreprenè, meyè teknisyen, meyè anplwaye epi meyè nan sa w ap fè a. » Selon li, chak grenn naratif sa yo ap kapab pèmèt gen yon pi bon naratif sou Ayiti.
Nesly ALEXANDRE
November 18, 2024
November 01, 2024
October 31, 2024
October 17, 2024
September 27, 2024
September 20, 2024
January 28, 2022